TSK

TSK · Psalms 79:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tankou lè y'ap fann bwa pou fè l' fè ti moso, se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a.

Moun yo t'ap bay mesaj sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pesonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo.

Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.

M'ap lage nou nan men lènmi nou yo, nan men moun ki soti pou touye nou yo. Kadav nou va sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.

Konsa, n'ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lòtèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan.

Moun tout kalite ras ki soti nan tout peyi ak nan tout nasyon ki pale tout lang, va rete la ap gade kadav yo pandan twa jou ak yon demi jounen. Yo p'ap kite moun antere yo.

Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil.