TSK

TSK · Psalms 8:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?

Si nou pa swiv tout regleman ki ekri nan liv lalwa sa a, si nou pa gen krentif pou Bondye nou an, Seyè ki gen anpil pouvwa a, Bondye moun fèt pou respekte a,

Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!

Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!

¶ Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.

Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.

¶ Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa!

Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan.

Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.

Seyè, Bondye nou an, gen lòt chèf ki t'ap dirije nou. Men, se ou menm sèl ki mèt nou, se ou menm sèl n'ap sèvi!

Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David?

Moun ki te desann lan, se li menm tou ki te moute anwo nan syèl la, pou l' te kapab plen tou sa ki egziste ak presans li.

Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m' konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m' konnen Jezikri tankou Seyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m' sa gen Kris la,

Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t'ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa.