Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
TSK
TSK · Psalms 80:6
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
Men chèf gad palè a di yo an ebre: -An! Nou konprann se avè wa nou an ansanm ak nou twa la a ase wa mwen an voye m' vin pale pawòl sa yo? Non. Se ak tout moun ki chita sou miray la menm m'ap pale. Yo menm tou pral manje poupou yo, yo pral bwè pipi yo ansanm ak nou!
¶ Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m'? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m' madichon.
Enben, koulye a, mòn peyi Izrayèl yo, koute sa Seyè sèl Mèt la voye di nou. Men mesaj Seyè a bay pou tout mòn ak tout ti mòn, pou tout ravin ak tout fon nan peyi a, pou tout kay kraze moun yo kouri kite ak pou tout lavil yo ki tounen mazi. Moun lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo te piye nou, yo te pase nou nan betiz.