TSK

TSK · Psalms 80:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

m'a voye gwo gèp devan nou, y'a fè moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou.

Mwen voye yon kantite gèp panyòl devan nou. Yo fè de wa moun Amori yo kouri met deyò anvan nou rive sou yo. Se pa t' ni banza nou yo ni nepe nou yo ki te fè sa!

¶ Pèp Izrayèl la ak pèp Jida a te anpil, yo te tankou grenn sab bò lanmè. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè, kè yo te kontan.

Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun ki te gen antou nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn yon milyon sanmil gason ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak katsanswasanndimil nan peyi Jida a.

Ou lage nan men yo peyi anpil wa ak anpil pèp. Ou separe l' ba yo pou chak moun viv nan limit ou ba yo. Yo pran peyi Esbon, kote wa Siyon t'ap gouvènen an, ak peyi Bazan kote wa Og te chèf la.

Li ba yo tè lòt nasyon yo, li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun,

Jou sa a, y'a chante yon chante sou jaden rezen k'ap bay bon diven an.

Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye ankò. Y'a kanpe ankò.

Ou plante yo, yo pran rasin. Yo grandi, yo donnen. Non ou toujou nan bouch yo! Men, nan kè yo, yo pa sou bò ou.