Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
TSK
TSK · Psalms 82:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Exodus 18:21
TSK
Exodus 22:28
TSK
Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.
Psalms 50:1
TSK
¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Psalms 58:11
TSK
Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.
Psalms 138:1
TSK
¶ Se yon sòm David. Seyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m'. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!
Isaiah 3:13
TSK
Seyè a kanpe pou l' denonse sa yo fè a. Li pare pou l' jije pèp li a.