M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m', koute sa m'ap di ou:
TSK
TSK · Psalms 86:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'.
Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!
¶ Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.
¶ Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo.
¶ Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a.
Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Seyè a menm ki di sa. Moun ki fè m' plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki règrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m' pale.
¶ Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
Yon frè ki pòv dwe moutre jan li kontan lè Bondye fè kichòy pou li.