TSK

TSK · Psalms 89:37

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo.

Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.

¶ Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche.

¶ Seyè a mete solèy la pou l' klere lajounen. Li bay lalin ak zetwal yo lòd pou yo klere lannwit. Li eksite lanmè a, li fè l' move. Se li menm ki Seyè ki gen tout pouvwa a: Se konsa yo rele l'.