¶ Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan sèlman pou yo viv.
TSK
TSK · Psalms 90:10
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pou yon gason ki depase swasantan, se va kenz pyès ajan. Pou yon fanm menm laj la, se va dis pyès ajan.
Men, mwen santi m' vanyan gason jòdi a tankou lè Moyiz te voye m' al vizite peyi a. Mwen santi mwen ka goumen, mwen ka regle tout zafè m' jan m' te konn fè l' lè sa a.
Epitou, mwen pa merite tout rekonpans sa a. Se annik yon ti bout chemen m' te vle fè avè ou lòt bò larivyè Jouden an.
Menm jan tensèl dife fèt pou vole, konsa tou, moun fèt pou soufri.
Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò.
Li chonje se moun yo ye, se pase y'ap pase tankou van k'ap soufle.
Tankou yon ti kay jaden, yo rache m', yo demoli m' pote m' ale. Yo koupe lavi m' tankou yo koupe fil nan metye moun k'ap tise twal yo. Soti nan maten rive aswè, m'ap deperi.
Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt.