Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.
TSK
TSK · Revelation 1:16
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.
Li mete nan bouch mwen pawòl ki tankou kouto byen file. Li pwoteje m' avèk fòs li. Li pare m' tankou yon flèch byen pwenti, li sere m' nan sakit li.
Li grandi toujou, jouk li rive atake lame ki nan syèl la, zetwal yo menm. Li jete kèk ladan yo sou latè, li pilonnen yo anba pye l'.
Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.
Antan m' te sou wout la, vè midi konsa, monwa, mwen wè yon limyè ki soti nan syèl la pi klere pase solèy la. Li te klere tout kote m' te ye a ansanm ak moun ki t'ap vwayaje avè m' yo.
Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.
¶ Ekri zanj legliz ki nan lavil Pègam lan. Di l' konsa: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di ou:
¶ Ekri zanj legliz ki nan lavil Sad la. Di l' konsa: Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen tout moun konprann ou vivan. Men, ou mouri.
¶ Yon gwo siy parèt nan sièl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad. Lalin lan te anba pie li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li.
Nepe ki t'ap soti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwezo yo te manje viann plen vant yo.