¶ Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a.
TSK
TSK · Revelation 12:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Ou te wè tou de pye yo ak tout zòtèy yo te mwatye an fè mwatye an tè krich. Sa vle di, ape gen divizyon nan dènye gouvènman an. L'ap yon ti jan solid tankou fè, menm jan ou te wè fè melanje ak tè krich la.
Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovaj anpil. Depi ou gade l' se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè. Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l'. Li pa t' sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l' yo. Li te gen dis kòn.
Dis kòn yo, se dis wa ki pral alatèt gouvènman sa a. Apre yo, ap gen yon lòt wa ki p'ap tankou lòt yo. L'ap jete twa nan wa yo.
Sou chak twa zetwal ki nan sièl la, li pran yonn li rache l' ak ke l', li voye l' jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki tapral akouche a, pou l' te ka devore ti pitit la kou l' fèt.
Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. li al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an. Apre sa, dragon an kanpe bò lanmè a.
Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye.
Se koulye a pou moun fè wè yo gen lespri ak bon konprann. Sèt tèt yo, se sèt ti mòn kote fanm lan chita a. Se sèt wa tou yo ye.
Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife.
Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele diab la, osinon Satan, li mete l' nan chenn pou mil an.