TSK

TSK · Revelation 13:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Antan m'ap gade kòn yo konsa, mwen wè yon lòt ti kòn tou piti k'ap pouse nan mitan yo. Li rache twa nan kòn ki te la deja yo. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye.

¶ Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.

Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.

Lè y'a fin di sa yo gen pou di a, bèt ki soti nan gwo twou san fon an va mare batay ak yo. La kraze yo, la touye yo.

Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. li al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an. Apre sa, dragon an kanpe bò lanmè a.

Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap soti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo.

Bèt ou wè a te vivan yon lè. Koulye a li pa vivan ankò. Li gen pou l' moute soti nan gwo twou san fon an, apre sa pou li al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pa t' gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, koulye a li pa la, men li gen pou l' parèt ankò.