¶ Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.
TSK
TSK · Revelation 14:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
David ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a. Yo t'ap jwe gita ak bandjo. Yo t'ap bat tanbou, tanbouren ak senbal.
Lè yo rive lavil Jerizalèm, yo ale nan Tanp Seyè a, pandan yo t'ap jwe gita, bandjo ak twonpèt.
Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan.
Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.
Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!
Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!
Nasyon yo ap bat kò yo tankou lanmè lè li move. Men, Bondye rele dèyè yo, li fè yo kouri al byen lwen. Li bwote yo ale tankou van k'ap leve pousyè sou mòn yo, tankou van siklòn k'ap pote pay ale.
Seyè a pral parèt anlè tèt pèp li a. Li pral voye flèch li yo tankou zèklè. Seyè a, Bondye a, pral kònen twonpèt la. Li pral mache nan van siklòn k'ap soufle soti nan sid.
Pie l' yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe l' nan fòj. Lè l' pale menm, vwa l' te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz.
¶ Apre sa mwen wè ti Mouton an kase yonn nan sèt sele yo. Lè sa a, mwen tande yonn nan kat bèt vivan yo pale, ou ta di yon kout loraj. Li di: Vini non!
Li pran rele byen fò tankou yon lyon k'ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loraj yo pran gwonde reponn li.
Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan.
Yo p'ap janm tande mizik mizisyen ki konn jwe gita, fif ak klewon lakay ou. Yo p'ap jwenn okenn ouvriye pou fè okenn metie. Yo p'ap tande bri moulen mayi yo ankò.