Koulye a, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Seyè a. Ou p'ap gen pitye pou pesonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik.
TSK
TSK · Revelation 16:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo.
¶ Mwen tande li di lòt mesye yo: -Mache dèyè l' nan tout lavil la. Epi touye! Pa gen pitye pou pesonn. Pa kite pesonn chape!
¶ Seyè a di: -Nou mèt tann mwen! Nou mèt tann jou pou m' kanpe akize nasyon yo! Mwen fin pran desizyon mwen: m'ap sanble tout nasyon yo ak tout peyi yo pou m' fè yo santi jan m' fache, jan m' ankòlè sou yo. Paske nan kòlè mwen, mwen pral boule tout latè.
Yon twazièm zanj t'ap swiv de premie yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo,
Yon lòt zanj ankò soti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi.
¶ Apre sa, mwen wè kote ki apa pou Bondye nan tanp ki nan sièl la louvri.
¶ Setièm zanj lan vide gode pa l' la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di: Bon! Tout bagay fini koulye a!