Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè.
TSK
TSK · Revelation 17:9
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se pou moun ki gen konprann chache konprann sa ki ekri la a. Se pou moun ki gen lespri chache konprann li. Paske chemen Bondye se chemen ki dwat. Moun k'ap viv dapre volonte Bondye ap mache ladan l' san anyen p'ap rive yo. Men, moun ki vire do yo bay Bondye ap bite sou wout la.
Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.)
Bagay sa a mande anpil bon konprann. Moun ki gen konprann ka resoud pwoblèm nimewo bèt la. Nimewo sa a se non yon moun li ye. Men nimewo a: sisanswasannsis.
¶ Men, zanj lan di mwen: Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrè, mwen pral fè ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bèt k'ap pòte l' la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan.