TSK

TSK · Revelation 20:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil cha lagè, simil kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn.

Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.

Mwen pral fè fanmi David, sèvitè m' lan, peple. Mwen pral fè moun Levi k'ap sèvi m' yo peple sitèlman yo p'ap ka konte kantite ki genyen. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè.

Se konsa, yon sèl nonm ki te tou fin mouri rive gen kantite pitit pitit moun pa ka konte: yo tankou zetwal nan syèl la, yo tankou grenn sab bò lanmè.

Zanj lan voye l' jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l' ankò pou yon ti tan.