TSK

TSK · Revelation 22:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.

Lèfini, w'a pale avè l', w'a di l': Men sa Seyè a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Seyè a.

Yo t'ap mande: Kote wa jwif ki fenk fèt la? Nou wè zetwal li parèt depi nan peyi nou an, nou vin adore li.

Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: Li se pitit pitit David!

Luke 1:78 TSK

Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve.

Bon Nouvèl sa a pale nou sou Pitit li a, Jezikri, Seyè nou an. Lè pou l' te fèt tankou yon moun, Jezi soti nan fanmi wa David.

¶ Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa a jouk jou a va pwente, jouk zetwal ki klere chak maten an va leve nan kè nou.

Se mwen menm Jan, k'ap ekri sèt legliz ki nan pwovens Lazi yo. M'ap lapriyè pou nou ka resevwa benediksyon ak kè poze ki soti nan Bondye, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an, benediksyon ak kè poze ki soti nan sèt lespri yo ki kanpe devan fotèy li a,

Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.

Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Lè sa a, yonn nan granmoun yo di mwen konsa: Pa kriye. Gade. Men lyon ki soti nan fanmi Jida a, pitit pitit David la, ki te genyen batay la. Li ka kase sèt sele yo pou louvri liv la.

¶ Apre sa, zanj lan di mwen: Pawòl sa yo se verite. Tout moun dwe kwè yo. Bondye Mèt la, li menm ki mete pawòl li nan bouch pwofèt yo, se li menm ki voye zanj li a vin moutre sèvitè l' yo sa ki pral rive anvan lontan.

¶ Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Seyè Jezi!