TSK

TSK · Revelation 6:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.

W'a pran yon moso pen ki peze yon demi liv pou ou manje chak jou. Se sa ase pou ou manje chak jou.

Premye cha a te gen chwal wouj ki t'ap rale l'. Dezyèm cha a te gen chwal nwa ki t'ap rale l'.

Devan fòtèy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè an glas ki klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat bèt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dèyè.

Yo t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa: Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la pou kase sele yo, paske yo te touye ou. Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon.