TSK

TSK · Romans 11:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.

Ki moun ki janm tande koze konsa? Ki moun ki janm wè bagay konsa? Eske yon sèl jou kont pou fè tout yon nasyon? Eske lapoula yo ka fè tout yon nasyon? Mòn Siyon an p'ap soufri anpil anvan nasyon an fèt.

Micah 5:7 TSK

¶ Lè sa a, rès moun ki vivan toujou nan pèp la va tankou lawouze Bondye voye. Y'a viv nan mitan lòt nasyon yo. Y'a tankou lapli k'ap tonbe sou jaden k'ap pouse, paske yo pa mete espwa yo nan moun men nan Bondye.

Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yon lè gen pou rive moun va soti nan gwo lavil lòt peyi yo pou yo vini lavil Jerizalèm.

Wi. Si lè Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmèt tout moun sou latè rive vin byen ak Bondye ankò, nou pa bezwen mande kisak va rive lè jwif yo va tounen vin jwenn favè Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo!

¶ O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la:

Paske, Bondye vle fè moun pa l' yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris la ap viv nan kè nou tou, li ban nou espwa nou gen pou n' patisipe nan bèl pouvwa Bondye a.