TSK

TSK · Romans 11:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m', li mennen m' nan yon fon ki te plen zosman.

Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt.

Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.

Koulye a, m'ap mande: Lè jwif yo bite, èske yo te tonbe nèt. Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo.

Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la.

Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l' ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil.