¶ Bondye di. Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje.
TSK
TSK · Romans 14:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou.
Depi lè sa a, gad la pa t' ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito.
Sa ou kwè ou menm sou sa, gade l' pou tèt ou devan Bondye. benediksyon pou yon moun ki pa santi l' koupab lè l'ap fè sa li kwè li dwe fè.
Lè l' te fèk rive, li t'ap manje byen pwòp ak frè ki pa jwif yo. Men, lè moun Jak te voye yo vin rive, li mete kò l' sou kote, li refize manje ak frè ki pa jwif yo, paske li te pè patizan moun sikonsi yo.
Pou yon moun k'ap fè volonte Bondye, tout bagay bon. Men, anyen pa bon pou moun k'ap fè sa ki mal, pou moun ki pa gen konfyans nan Bondye, paske lespri yo ak konsyans yo fin pran nan sa ki mal.
Pa kite tout kalite lòt pawòl moun ap moutre yo fè nou pèdi bon chemen an. Li pi bon pou kè nou lè fòs nou pa soti nan sa nou manje ak sa nou pa manje, men nan renmen Bondye gen pou nou an. Paske moun k'ap gade sou manje pa janm jwenn okenn benefis.