TSK

TSK · Romans 5:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.

Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.

Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.

Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.

Atò, nou gen tan gen tou sa n' te bezwen? Nou gen tan rich kont kò nou? Nou gen tan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m' te kapab wa tou ansanm avèk nou.

Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n' sanble ak moun ki soti nan syèl la.

Jezikri, Seyè nou, fè m' anpil favè: li fè m' gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la.

James 2:5 TSK

Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo.

Li fè nou tounen wa ak prèt pou n' sèvi Bondye Papa li. Se pou li tout lwanj ak tout otorite pou tout tan. Amèn.

Yo t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa: Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la pou kase sele yo, paske yo te touye ou. Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon.

Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premie leve vivan soti nan lanmò sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo. Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen avè l' pandan mil lanne.