TSK

TSK · Romans 9:24

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.

Simon fèk esplike nou ki jan, depi nan konmansman, Bondye te pran swen moun lòt nasyon yo pou l' te ka chwazi nan mitan yo yon pèp ki pou pote non li.

Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou.

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l', pou byen tout moun li te fè lide rele.

Koulye a, m'ap mande: Lè jwif yo bite, èske yo te tonbe nèt. Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo.

Bondye ki rele nou pou nou ka viv ansanm ak Pitit li, Jezikri, Seyè nou an, ap toujou kenbe pawòl li.

¶ Nou menm ki pa t' fèt nan ras jwif la, jwif yo te rele nou moun ki pa sikonsi, menm jan yo te rele tèt yo moun ki sikonsi. Yo t'ap gade sou mak lèzòm fè sou kò yo ak men yo. Wi, nou menm moun lòt nasyon yo, chonje sa nou te ye nan tan lontan.

Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.

¶ Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.