TSK

TSK · Titus 1:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se yo ki te konn chante devan Tant Randevou a, jouk wa Salomon te fin bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm. Yo te fè travay yo yonn apre lòt dapre regleman yo te ba yo.

Kilès ki tankou m'? Se pou l' kanpe di sa! Se pou l' fè nou konn sa, se pou l' ban m' prèv la! Se pou l' di tou sa ki pase depi nan konmansman! Se pou l' fè konnen davans sa ki gen pou rive.

Se sa menm yo te fè. Apre sa, yo voye Banabas ak Sòl pote sa yo te ranmase a bay chèf fanmi yo ki te nan Jide.

Acts 27:7 TSK

Pandan plizyè jou nou vwayaje ti pa ti pa. Se pa ti traka anvan nou te ka rive devan lavil Nid. Van an pa t' ban nou chans pou n' al pi lwen nan k'ap sa a. Nou te blije desann, pase devan k'ap Salmone, vire anba lil Krèt.

¶ Moun ki te abò yo pa t' manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pa t' dwe soti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo.

Se pou ou rete nan lavil Efèz, jan m' te mande ou la lè mwen t'ap pati pou peyi Masedwan. Paske, gen kèk moun nan lavil Efèz la k'ap moutre lòt yo yon bann lòt bagay ki pa vre. Se pou ou ba yo lòd sispann fè sa y'ap fè a.