TSK

TSK · Titus 3:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yonn ladan yo ki te dirèktè lalwa mande li:

¶ Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou l' pran Jezi nan pèlen li di l' konsa: Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?

Malè pou nou, nou menm direktè lalwa yo! Nou pran kle ki pou louvri pòt kay konesans la: nou menm nou pa antre ladann, epi moun ki ta vle antre, nou anpeche yo antre.

¶ Yon jwif yo te rele Apolòs rive lavil Efèz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo.

Yo fè nou anpil kado. Lè pou n' anbake menm, yo ban nou tou sa nou te bezwen pou vwayaj la.

Pa kite pesonn meprize li. Se pou nou ede l' pou li ka kontinye vwayaj li ak kè poze, pou l' ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frè yo.