TSK

TSK · Titus 3:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se pou n' koute m' lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m' konnen.

M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.

Joel 2:28 TSK

¶ Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.

John 4:10 TSK

Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a.

M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a.

Acts 2:33 TSK

Bondye fè l' moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l' sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande koulye a.

Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l' renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m' fè moun lòt nasyon yo konnen bon nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann.

Titus 1:4 TSK

M'ap ekri ou lèt sa a, Tit, pitit lejitim mwen nan konfyans nou gen ansanm lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Sovè nou an, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.