¶ Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi?
TSK
TSK · Zechariah 1:18
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Wa Akaz t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan.
¶ Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.
Kat gwo bèt moute soti nan lanmè a, yonn pa t' sanble lòt.
Wa peyi Siri a ap tounen nan peyi l' ak anpil richès l'ap piye nan peyi Lejip. Apre lagè a, l'ap soti pou l' kraze relijyon pèp Bondye a. L'ap fè sa li te gen lide fè a. Lèfini, l'ap tounen tounen l' nan peyi l'.
¶ Mwen wè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon liv an fòm yon woulo papye k'ap vole nan syèl la.
Apre sa mwen leve je m' gade, mwen wè de fanm. Yo te gen gwo zèl tankou sigòy. Yo t'ap vole nan syèl la vini. Yo pran panyen an, yo moute avè l'.