¶ Samyèl mouri, tout pèp Izrayèl la sanble pou yo kriye lanmò li. Lèfini, yo antere l' anndan lakay li lavil Rama. Apre sa, David pati, li desann nan dezè Paran an.
TSK
TSK · Zechariah 1:5
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Elize mouri, yo antere l'. Chak lanne moun Moab yo te konn fè bann pou vin fè piyay nan peyi Izrayèl la.
Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou.
¶ Mwen kalkile anpil sou bagay sa yo. Mwen repase bagay sa yo byen repase nan tèt mwen. Mwen wè se Bondye k'ap dirije lavi tout moun, ni moun ki gen bon konprann, ni moun ki mache dwat yo. Li kontwole tou sa y'ap fè, kit yo renmen, kit yo rayi. Pesonn pa konn anyen sou sa k'ap tann yo pi devan.
Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l' te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l' lan.
Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l' yo, li mouri. Yo antere l' menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè.
Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.