TSK

TSK · Zechariah 11:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè lènmi nou yo va sènen nou nan lavil nou yo, y'a mete nou nan yon sèl kalite mizè ak kè sere, n'a sitèlman grangou, n'a manje pwòp pitit nou yo, pitit gason ak pitit fi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.

Seyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pesonn pa ka sove pesonn.

Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!

¶ Seyè a di m': -Jeremi, lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt mande ou ki chay Seyè a ban nou pote, w'a reponn yo: Se nou menm ki yon chay pou Seyè a. Li pral lage nou atè. Se Seyè a menm ki di sa.

Lè l'a rive, l'ap kraze peyi Lejip. Moun ki pou mouri anba move maladi va mouri, moun yo gen pou depòte yo, y'a depòte yo, moun pou l' fè touye yo, l'a fè touye yo.

Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete.

Pa okipe yo! Se yon bann avèg k'ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a.

Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l' bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a.

John 8:21 TSK

¶ Jezi di yo ankò: Mwen pral fè wout mwen. N'a chache m', men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m' prale a.

Jezi reponn yo: Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l' prale.

Ale jwenn pèp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zòrèy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wè.