TSK

TSK · Zephaniah 3:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: -Koulye a, mesye, n' al twò lwen tande! Dènye moun nan pèp la se pou Seyè a y'ap viv. Seyè a la nan mitan nou tout, pa vre? Poukisa, nou menm Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou anwo pèp Seyè a konsa?

¶ Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!

Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.

Ou pa bezwen pè! Yo p'ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p'ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p'ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l'.

Se poutèt sa, men sa Seyè a di: -Moun k'ap sèvi m' yo va jwenn kont manje pou yo manje. Men nou menm n'a ret grangou. Sèvitè m' yo va jwenn kont pou yo bwè, nou menm n'ap ret swaf dlo. Sèvitè m' yo va gen kè kontan; men nou menm n'a wont.

Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan.

pou m' di moun pèp Izrayèl yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l' tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè.

¶ Mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, mwen t'ap rekonèt peche m' yo ak peche pèp Izrayèl la, pèp mwen an devan Bondye. Mwen t'ap mande Seyè a, Bondye mwen an, gras mizèrikòd pou mòn ki apa pou li a.

Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou!

Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.

jan sa te ekri a: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch k'ap fè moun bite wi, yon gwo wòch k'ap fè moun tonbe. Men, moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.