Nan nou la a gen moun Pat, moun Medi ak moun Elam, gen moun Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon ak moun Lazi.
TSK
TSK · Acts 27:2
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n' pran pou n' ka jwenn delivrans.
Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkantmil goud antou.
Men non moun ki te avèk li yo: Sopatè, pitit Piris, moun lavil Bere, Aristak ak Sekoundous, tou de moun Tesalonik, Gayis, moun Dèb, Timote, Tichik ak Twofim, tou twa moun pwovens Lazi.
¶ Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Soti la, n' ale Patara.
Moun peyi a te aji byen anpil avèk nou. Lapli t'ap tonbe, te fè frèt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou.
Lè nou rive Sirakiz, nou rete la pandan twa jou.
Aristak ki nan prizon ansanm avè m' voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l' byen si l' vin lakay nou).