TSK

TSK · Daniel 10:14

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Balaram di Balak ankò: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m' ale, vini m' di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k'ap vini yo.

Konsa, lè tout kalite malè ak lafliksyon va tonbe sou yo, chante sa a va sèvi m' temwen, l'ap toujou nan bouch yo, paske pitit yo p'ap janm bliye l'. Wi, depi koulye a, anvan menm mwen fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt yo a, mwen konnen sa yo gen nan tèt yo.

Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k'ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m'ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m' ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y'a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an.

Vizyon ou te fè pou maten ak aswè yo gen pou rive vre jan yo te esplike ou li a. Men, pa di anyen sou sa, paske l'ap pran yon bon ti tan anvan li rive vre.

¶ Siris t'ap mache sou twazan depi l' te wa nan peyi Pès lè Bondye fè Danyèl, ki te rele Beltechaza tou, konnen yon mesaj. Se te bon koze sou gwo batay ki gen pou fèt la. Se nan yon vizyon yo te fè l' konprann mesaj la.

Li reponn mwen: -Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini.

Micah 4:1 TSK

¶ Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti an kantite toupatou vin sou li.

¶ Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil.