¶ Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.
TSK
TSK · Deuteronomy 12:21
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Men, nou lib pou nou touye bèt chak fwa nou vle manje vyann nenpòt kote nou ye, dapre kantite Seyè a va ban nou. Tout moun, kit sa ki nan kondisyon, kit sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, va gen dwa manje vyann sa yo, tankou yo ta manje vyann gazèl ak vyann towo bèf.
Se va sèlman kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a n'a touye bèt delivrans lan nan aswè apre solèy fin kouche, paske se yon lè konsa nou te soti kite peyi Lejip.
chak moun va pran premye donn tout pyebwa nan jaden li fè sou tè Seyè a, Bondye li a, va ba li, l'a mete yo nan yon panyen, epi l'a pote l' kote Seyè a te chwazi pou l' rete nan mitan nou an.
¶ Woboram te gouvènen lavil Jerizalèm, li chita otorite l' byen chita. Woboram te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disètan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama.