Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo.
TSK
TSK · Genesis 32:12
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Lè mesaje yo tounen vin jwenn Jakòb, yo di l': -Nou t ale kote Ezaou, frè ou la. Koulye a li gen tan sou wout pou l' vin kontre ou. Li gen katsan moun ak li.
Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te fè sèman sou tèt ou, ou te di yo: M'ap ban nou pitit pitit an kantite, y'ap tankou zetwal nan syèl la. M'ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m'ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan.
Bondye ki wa pèp Izrayèl la pa konn manti, ni li pa konn chanje lide. Se pa moun li ye. Li p'ap chanje pawòl.
Si nou pa kenbe pawòl nou, li menm l'ap toujou kenbe pawòl pa li, paske Bondye pa kapab demanti tèt li.
Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l' te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sak fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la.