¶ Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
TSK
TSK · Jeremiah 51:21
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.
Lanmò pou chwal li yo! Kraze tout cha lagè li yo. Lanmò pou tout moun lòt nasyon k'ap fè djòb sòlda lakay yo! Se pou yo vin tankou fanm. Disparèt tout richès li yo. Piye tout byen li yo.
Seyè a di ankò: Jou sa a, m'ap touye tout chwal batay nou yo. M'a detwi tout cha nou yo.
Mwen pral jete wa k'ap gouvènen yo, mwen pral detwi pouvwa nasyon yo. Mwen pral chavire cha lagè yo ansanm ak moun ki sou yo. Tout chwal yo pral mouri. Pou moun ki te sou chwal yo menm, yonn pral touye lòt ak nepe yo.
Jou sa a atò, m'ap fè tout chwal yo lonbraje, m'ap fè kavalye yo depale. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap veye pèp Jida a pou anyen pa rive yo. Men, m'ap fè tout chwal lènmi l' yo vin avèg.