Se konsa Seyè a te kanpe la avèk Jozye. Nan tout peyi a yo t'ap nonmen non l'.
TSK
TSK · Matthew 4:24
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Li te gen plis bon konprann pase tout moun, pase Etan, moun lavil Ezrak, pase Eman, Kalkòl ak Dada, pitit gason Makòl yo. Nan tout peyi ki toupre peyi Izrayèl la yo t'ap nonmen non Salomon.
Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Seyè a te fè tout nasyon yo pè li.
Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil.
¶ Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun soti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pesonn pa t' kapab pase nan chemen sa a.
Nouvèl la gaye nan tout peyi a.
¶ Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bon Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.
¶ Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi.
Mèt, gen pitye pou pitit gason m' lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l' konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo.
Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan peyi Galile a.
Se lè sa a, yon kolonn moun vin rive, kat ladan yo t'ap pote yon nonm paralize. Yo t'ap mennen l' bay Jezi.
Premye travay sa a te fèt nan tan Kireniyis t'ap kòmande nan peyi yo rele Siri a.
Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò:
Nouvèl la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj la.
Moun ki te asiste bagay la mete rakonte yo ki jan nonm ki te gen move lespri sou li a te geri.
Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.
Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi; sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.