TSK

TSK · Proverbs 23:17

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.

Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.

¶ Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.

¶ Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.

Pa kite pawòl ki soti nan bouch ou fè ou fè peche. Apre sa pou ou al di reprezantan Bondye a: O wi, se chape bouch mwen chape. Poukisa pou ou ta fè Bondye fache sou ou? Poukisa pou ou ta fè Bondye detwi travay ou fè ak men ou?

¶ Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.

¶ Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n' sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!