Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo.
TSK
TSK · Zechariah 2:5
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.
Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la.
¶ Jou sa a, pèp la va chante kantik sa a nan peyi Jida: -Koulye a, nou gen yon lavil ki byen pwoteje! Bondye bati gwo miray ak ranpa pou l' delivre nou.
Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l'. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen.
Nonm lan swiv ti kouran dlo a desann nan direksyon solèy leve. Avèk baton mezi ki te nan men l' lan, li mezire senksan mèt. Rive la, li fè m' janbe dlo a. Dlo a ban m' nan je pye.
Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap tounen vin jwenn lavil Jerizalèm ankò, m'ap gen pitye pou li. Yo pral rebati tanp mwen an nan lavil la. Jerizalèm pral kanpe ankò. Se mwen men, Seyè a, ki di sa:
Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.
Lavil la pa t' bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l' paske limiè prezans Bondye a te klere l' nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li.