-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Kanaran an,
TSK
TSK · Exodus 21:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Apre sa, Moyiz chwazi twa lavil lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve,
n'a chwazi twa lavil nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a, n'a mete yo apa.
¶ Nan peyi Seyè a, Bondye nou an, pral ban nou pou nou rete a, pa janm deplase bòn tè moun pèp Izrayèl parèy nou. Kite yo kote zansèt nou yo te plante yo a.
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou yo chwazi lavil kote moun ka jwenn pwoteksyon, jan mwen te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
Gade, jòdi a ou wè ak je ou ki jan Seyè a te lage ou nan men m' anndan gwòt la. Gen moun ki di m' se pou m' te touye ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. Mwen di mwen p'ap janm leve men m' sou mèt mwen, paske se Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa.
Wa a di Abichayi ansanm ak Joab, frè li a: -Pa antre nan sa ki pa gade nou, tande. Si se Seyè a ki di l' pou l' ban m' madichon, ki moun ki gen dwa mande l' pouki l'ap fè sa?
Pa rete moun serye nan peyi a ankò. Pa gen moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt.