TSK

TSK · 1 Chronicles 12:40

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre l'. Li t'ap mennen de bourik byen chaje avèk desan pen, san grap rezen chèch, san pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt plen diven.

Apre sa, yo tout t'ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t'ap jwe fif, yo t'ap danse. Sitèlman yo t'ap fè bri ou ta di tè a t'ap tranble anba pye yo.

Jou sa a, yo manje, yo bwè ak gwo kè kontan dèvan Seyè a. Apre sa yon dezyèm fwa, yo fè deklarasyon yo rekonèt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fè sèvis mete l' apa pou l' chèf yo nan non Seyè a. Menm lè a, yo mete Zadòk apa pou l' sèvi granprèt nan non Seyè a tou.

¶ Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn.

Lè l' rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Oliv la, yon sèl kontantman pran tout foul moun ki t'ap swiv li yo; yo pran fè lwanj Bondye byen fò pou tout mirak yo te wè.