TSK

TSK · 1 Chronicles 16:41

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men non sanba yo ak tout fanmi yo: Nan fanmi Keyat la te gen Eyman premye sanba, ki te pitit Joèl, ki li menm te pitit Samyèl,

Nan mwatye branch fanmi Manase a, dizwimil gason yo te chwazi pou al mete David wa sou fotèy la.

¶ Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:

Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Seyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.

Apre sa, li fè yon pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad yo konn mete lè gen gwo fèt seremoni. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: -Lwanj pou Seyè a! Li p'ap janm sispann renmen nou!

Ezra 8:20 TSK

Te gen tou desanven travayè pou tanp lan. Se wa David ak chèf li yo ki te bay zansèt moun sa yo reskonsablite pou ede moun Levi yo nan sèvis yo. Yo te pran non tout moun sa yo.

vwa moun k'ap pran plezi yo, moun ki gen kè kontan. Y'a tande mizik pou moun k'ap marye yo. Y'a tande moun k'ap chante lè y'ap pote ofrann pou di Bondye mèsi nan tanp Seyè a. Y'a di: Lwanj pou Seyè ki gen tout pouvwa a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Wi, m'ap fè peyi a kanpe ankò jan l' te ye anvan an. Se Seyè a ki di sa.