TSK

TSK · 1 Chronicles 19:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men koulye a, se moun lavil Esbon yo ki pèdi nèt fwa sa a! Nou mete kou sou yo depi lavil Esbon rive Dibon! Nou devaste peyi a kite l' blanch jouk Nofak, toupre Medeba.

Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi lavil Awoyè, ki sou bò ravin Anon an, li pran lavil ki nan mitan ravin lan, tout platon Medeba a,

Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil cha lagè, simil kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn.

David pran mil cha lagè, sèt mil kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo.

Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.