TSK

TSK · 1 Chronicles 2:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m'ap soufri. Koulye a, mari m' va renmen m'. Se konsa li rele l' Woubenn.

Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.

Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason.

Sanble, vin koute non, pitit Jakòb yo! vin koute sa Izrayèl, papa nou, pral di nou.

Se te Woubenn, Simeyon, Levi epi Jida,

Men non yo: Pou branch Woubenn lan, se te Chamwa, pitit gason Zakou a.

Te gen douzmil nan branch Jida a ki te make ak letanp lan, douzmil nan branch Woubenn lan, douzmil nan branch Gad la,