Joab menm, pitit gason Sewouya a, leve ansanm ak sòlda David yo, yo kite lavil Ebwon, yo pati tou. Yo kontre ak moun Abnè yo bò rezèvwa Gabawon an. De lame yo pran pozisyon, yonn chak bò rezèvwa a.
TSK
TSK · 1 Chronicles 2:16
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
2 Samuel 2:13
TSK
2 Samuel 3:39
TSK
Atout se wa Bondye chwazi a mwen ye, mwen santi m' fèb jòdi a. Pitit gason Sewouya yo twò mechan pou mwen. Se pou Bondye pini krimenèl sa yo pou mechanste yo fè a.
2 Samuel 16:9
TSK
Abichayi, pitit gason Sewouya a, di wa a konsa: -Monwa, poukisa pou ou kite chen mouri sa a ap madichonnen ou konsa? Kite m' janbe lòt bò a al koupe tèt li!
Abichayi, frè Joab, te chèf trant vanyan yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant vanyan yo.