-Koulye a, Moyiz, sèvitè m' lan, mouri. Pare kò ou, ou menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la. Nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou ka antre nan peyi m'ap ban nou an.
TSK
TSK · 1 Chronicles 22:16
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil sòlda dèyè l'.
David di ankò: -Seyè a te delivre m' anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m' tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: -Bon, ale non! Mwen mande Seyè a pou l' avèk ou!
-Talè konsa mwen pral fè dènye gwo vwayaj la tankou tout moun sou latè. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou!
Li fè pare fè an kantite pou fè klou ak kranpon pou batan pòt yo. Pou kwiv la menm, moun pa ka kalkile kantite li te fè pare.
Gade! Mwen bay kò m' anpil traka pou m' pare tout bagay pou Tanp Seyè a: twamil twasan tòn lò, tranntwamil tòn ajan, ak yon gwo kantite kwiv ak fè moun pa ka kalkile. M' pare bwa ak wòch tou. Men, se pou ou fè pare toujou.
Mwen fè sa m' te kapab pou m' te pare materyo pou tanp lan: lò, ajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt koulè, tout kalite bèl pyè koute chè ak mab an kantite.
Nou p'ap bezwen nan goumen menm. N'ap annik pran pozisyon nou. Apre sa, tann. N'ap wè Seyè a ap ban nou gany. Wi, nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen kè kase. Denmen, mache pran yo, paske Seyè a ap kanpe la avèk nou.
Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve soti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou.
Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.