Wa Salomon te bay lòd pou yo taye kèk gwo blòk nan bèl wòch pou sèvi fondasyon kay la.
TSK
TSK · 1 Chronicles 22:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Tout kay sa yo te bati ak bèl wòch taye, depi nan fondasyon yo jouk anba twati yo. Wòch yo te pare depi nan min wòch la. Yo te taye sou mezi. Fasad anndan ak fasad deyò wòch yo te taye ak si.
bòs mason yo ak moun k'ap taye wòch yo. Yo achte bwa ak gwo wòch taye pou fè reparasyon nan Tanp Seyè a. Se yo menm ki te fè tout kalite depans pou sa.
¶ Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li.
Nou menm bò pa nou, nou pral koupe mezi bwa nan peyi Liban ou ka bezwen. N'a pote yo sou lanmè ba ou lavil Jope, n'a mare yo ansanm fè rado. Rive la, ou menm w'a fè pran yo pote moute lavil Jerizalèm.
-(we vèsè pwochen)
Se moun lòt nasyon ki va pran swen mouton nou yo. Se moun vini ki va travay jaden nou yo, ki va okipe jaden rezen nou yo.
Se sak fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a.