TSK

TSK · 1 Chronicles 8:28

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men, moun Jida yo pa t' janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.

¶ Men, moun branch fanmi Benjamen yo pa t' mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a.

Se lavil Jerizalèm moun nan branch fanmi Jida, moun nan branch fanmi Benjamen, moun nan branch fanmi Efrayim ak moun nan branch fanmi Manase, yo tout al rete.

Tout mesye sa yo te chèf fanmi moun Levi yo, dapre zansèt yo rive jòdi a. Yo te rete lavil Jerizalèm.

Nan moun Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam. Mechoulam sa a te pitit Joèd, Joèd te pitit Pedaja, Pedaja te pitit Kolaja, Kolaja te pitit Maseja, Maseja te pitit Ityèl, Ityèl te pitit Jechaja.