TSK

TSK · 1 Corinthians 2:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Moyiz di Seyè a: -Eskize m' wi, Seyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm koulye a, depi w'ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare.

Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.

Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.

Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.

¶ Epitou, Kris la pa t' voye m' batize moun. Li te voye m' anonse Bon Nouvèl la, epi se pou m' anonse l' san m' pa bezwen sèvi ak bèl diskou bon konprann lèzòm, pou m' pa fè lanmò Kris la sou kwa a pase pou anyen.

Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.

Mwen ka pa konn pale byen, men pou konesans la, se pa menm bagay. Nan tout okazyon ak nan tout bagay mwen te toujou fè nou wè sa.

Verite sa a, nou jwenn li nan bèl mesaj Bondye te mete m' reskonsab pou anonse a. Se bon nouvèl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fè lwanj pou li a.

¶ Nou menm, n'ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun.

Se menm Jan sa a k'ap rakonte tou sa li te wè. Li rapòte mesaj ki soti nan Bondye a ansanm ak verite Jezikri te fè l' konnen an.

Mwen lage kò m' atè pou m' adore li. Men, li di m': Non, pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki kenbe pawòl Jezi a byen fèm. Se Bondye pou ou adore. Pawòl Jezi a, se li menm ki nan bouch pwofèt yo.