Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.
TSK
TSK · 1 Peter 1:11
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen.
¶ Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra. Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou!
Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
¶ Seyè a di: -Men li, sèvitè m' lan va wè tout travay li ap mache byen! L'a vin grannèg. Moun va konsidere l' anpil. Y'a pote l' anlè!
Antan ou t'ap gade l' konsa, yon wòch pran woule desann soti kote l' soti a, san se pa pesonn ki voye l', li vin frape estati a nan pye l' yo ki te fèt mwatye an fè mwatye an tè krich, li kraze yo an miyèt moso.
Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li.
¶ Seyè ki gen tout pouvwa a pale ak Zakari ankò, li di l' konsa:
Lè sa a, se Seyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen.
Lè sa a Jezi di yo: Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa!
Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li.
Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.
¶ Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.
Mwen lage kò m' atè pou m' adore li. Men, li di m': Non, pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki kenbe pawòl Jezi a byen fèm. Se Bondye pou ou adore. Pawòl Jezi a, se li menm ki nan bouch pwofèt yo.