TSK

TSK · 1 Samuel 26:18

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ David kouri kite lavil Najòt nan zòn Rama a, li chape kò l', l' al jwenn Jonatan epi li di l': -Kisa m' fè? Kisa m' fè ki mal? Kisa m' fè papa ou pou li vle touye m' konsa?

Gade, papa mwen! Men yon moso ke rad ou nan men m'! Mwen koupe moso ke rad ou, men mwen pa t' touye ou. Koulye a ou konnen, ou wè mwen pa gen anyen dèyè tèt mwen, mwen pa gen ankenn lide mechanste nan tèt mwen. Mwen pa fè ou anyen ki mal. Se ou menm k'ap chache touye m'.

San m' pa fè yo anyen, y'ap tann pèlen pou mwen. San m' pa fè yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon pou m' ka tonbe ladan l'.

John 8:46 TSK

¶ Kilès nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m' di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen?

Jezi reponn li: Si m' pale mal, moutre moun yo sa m' di ki mal la a. Men, si m' pale byen, poukisa ou frape mwen?