Kredo Otodòks la
The Orthodox Creed
An verite, nou kwè nan yon sèl Bondye, Bondye Papa a, Toupisan an, Kreyatè syèl la ak tè a, tout sa ki vizib ak tout sa ki envizib.
Nou kwè nan yon sèl Senyè, Jezi Kris, sèl Pitit Bondye a, ki fèt nan Papa a anvan tout tan. Limyè soti nan Limyè, vrè Bondye soti nan vrè Bondye; li fèt, li pa kreye; li gen menm nati ak Papa a; se pa li tout bagay te fèt.
Pou nou menm moun ak pou delivrans nou, li desann sot nan syèl la; pa Lespri Sen an ak nan Vyèj Mari li pran kò epi li vin moun.
Yo kloure l sou kwa pou nou anba Pons Pilat; li soufri epi yo antere l; sou twazyèm jou a li leve soti vivan dapre Ekriti yo.
Li monte nan syèl la epi li chita adwat Papa li; li pral tounen nan laglwa pou jije vivan yo ak mò yo; wayòm li pap janm fini.
Wi, nou kwè nan Lespri Sen an, Senyè a ki bay lavi, ki soti nan Papa a; ansanm ak Papa a ak Pitit la yo adore l epi yo glorifye l; li te pale nan bouch pwofèt yo.
Epi nan yon sèl Legliz ki sen, katolik ak apostolik. Nou rekonèt yon sèl batèm pou padon peche yo.
Nou tann rezirèksyon mò yo ak lavi tan k ap vini an. Amèn.